Haiti/Dominican Republic

A Section of the Latin American Studies Association

Upcoming Events

CALL FOR PROPOSALS: Haitian Studies in Dialogue – A Pre-Conference Symposium

Etid Ayisyen an dyalòg:

Chèchè emèjan k ap kreye lyen ant dyaspora ki Lafrans, Ozetazini, ak lòt kote

 

Yon senpozyòm k ap fèt anvan kolòk la 

Se Asosyasyon Etid Ayisyen ak Seksyon Ayiti-Repiblik Dominiken nan Asosyasyon Etid Latino Ameriken yo k ap prezante l

Pari, Lafrans

25 me 2026

 

Se yon plezi pou Asosyasyon Etid Ayisyen (HSA) ak seksyon Ayiti-Repiblik Dominiken nan Asosyasyon Etid Latino Ameriken yo (LASA) lanse yon apèl pou doktoran, chèchè ki odebi karyè yo, ak chèchè ki pi vanse yo patisipe nan yon senpozyòm k ap fèt pandan yon jounen nan otèlParis Marriott Rive Gauche (14yèm awòndisman) 25 me 2026, soti nan 9è rive nan 17è.

 

Pandan prèske kat dizèn lane, Asosyasyon Etid Ayisyen, ki chita nan milye inivèsitè Ozetazini, ansanm avèk chèchè ki manm asosyasyon an, ap jwe yon wòl enpòtan nan defini sa Etid Ayisyen ye. Prezans migran ayisyen Ozetazini, ki se rezilta ejemoni peyi a, alimante enterè nan etid sou Ayiti. Haitian Studies Association (Asosyasyon Etid Ayisyen), Haitian Studies Institute(Enstiti Etid Ayisyen) nan Brooklyn College (Nouyòk), ak Journal of Haitian Studies (Jounal Etid Ayisyen) ap kore epi vanse rechèch sou Ayiti ak sou dyaspora ayisyen an. Enstitisyon sa yo fèt nan milyè militans ak mobilizasyon politik, men yo egziste tou nan kontèks area studies (etid rejyonal) ki te kòmanse pandan peryòd Lagè Fwad (lane 1940-1990 yo) epi devlopman depatman Black/Africana Studies (etid sou pèp nwa yo) depi lane 1960 yo. Kidonk, Etid Ayisyen Ozetazini se rezilta yon seri devlopman istorik espesifik, opòtinite finansman onivo lokal ak onivo leta, epi mobilizasyon sosyopolitik ki te fèt onivo kominote — men, li gen yon enpòtans kapital nan moman kriz mondyal n ap viv aktyèlman an, tou. Peyi Etazini kontinye ap foure bouch li nan zafè Ayiti pandan l ap trete migran ayisyen k ap mande azil nan fason kriyèl; tout sa egzije moun ki maton nan domèn nan monte yon repons kontini pou bay pèspektiv yo sou reyalite ayisyen an.

https://www.haitianstudies.org/2026/02/haitian-studies-in-dialogue-a-pre-conference-symposium/

______________

Haitian Studies in Dialogue:

Emerging Scholars Bridging Dyasporas in France, the United States, and Beyond

 

A Pre-Conference Symposium

Presented by the Haitian Studies Association and the Haiti-DR Section of the Latin American Studies Association 

Paris, France

May 25, 2026

 

The Haitian Studies Association (HSA) and the Haiti-DR Section of the Latin American Studies Association (LASA) are pleased to invite proposals from PhD students, early career researchers, and advanced (senior) scholars to participate in a one-day symposium to be held at the Paris Marriott Rive Gauche Hotel (14th arrondissement) on May 25, 2026 from 0900 until 1700.

 

​​The study of Haiti, like the country itself, is caught between colonial and neo-colonial currents. For nearly four decades the Haitian Studies Association, based in the United States academy, and its scholars have played key roles in defining Haitian Studies. U.S. regional hegemony has drawn Haitian migrants to its shores, increasing the number of people interested in the study of Haiti. This growth in scholarship focused on Haiti and Haitian diasporic communities is sustained and advanced by the formation of the Haitian Studies Association, the Haitian Studies Institute at Brooklyn College (New York), and the Journal of Haitian Studies. These institutions were born from activism and political organizing, but they also exist in relation to the historical legacies of Cold War-era area studies (1940s-1990s), and with the development of Black/Africana Studies departments from the 1960s onward. Haitian Studies in the United States, then, is a product of specific historical developments, local and state funding opportunities, and community-based socio-political mobilization, but it is also vital in this era of global crises. The United States’s continuing intervention in Haiti as well as its inhumane treatment of Haitian migrants and asylum seekers require ongoing response from experts to provide Haiti-informed perspectives.

https://www.haitianstudies.org/2026/02/haitian-studies-in-dialogue-a-pre-conference-symposium/

____________________________

Les études haïtiennes en dialogue :

les chercheur·e·s émergent·e·s tissent des ponts entre les diasporas en France, aux États-Unis et au-delà

 

Un symposium en amont du colloque annuel de la HSA

Présenté par l’Association des études haïtiennes (HSA) et la section Haïti–RD de l’Association des études latino-américaines (LASA)

Paris, France — 25 mai 2026

L’Association des études haïtiennes (HSA) et la section Haïti–RD de l’Association des études latino-américaines (LASA) ont le plaisir de lancer un appel à propositions à destination des doctorant·e·s, des chercheur·e·s en début de carrière et des chercheur·e·s confirmé·e·s (senior) souhaitant participer à un symposium d’une journée, qui se tiendra à l’hôtel Paris Marriott Rive Gauche (14ᵉ arrondissement) le 25 mai 2026, de 9 h à 17 h.

 

L’étude d’Haïti, à l’image du pays lui-même, se trouve prise entre des dynamiques coloniales et néocoloniales. Depuis près de quatre décennies, l’Association des études haïtiennes (HSA), ancrée dans le milieu universitaire états-unien, ainsi que ses chercheur·e·s, jouent un rôle central dans la définition du champ des études haïtiennes. L’hégémonie régionale des États-Unis a attiré de nombreux·ses migrant·e·s haïtien·ne·s sur ses rivages, contribuant ainsi à accroître le nombre de personnes intéressées par l’étude d’Haïti.

 

L’essor des recherches consacrées à Haïti et aux communautés diasporiques haïtiennes s’appuie sur la fondation de la Haitian Studies Association, du Haitian Studies Institute à Brooklyn College (New York) et du Journal of Haitian Studies. Ces institutions, nées de l’activisme et de l’organisation politique, s’inscrivent également dans l’héritage historique des area studies de la période de la guerre froide (années 1940–1990), ainsi que dans le développement des départements de Black/Africana Studies à partir des années 1960. Si les études haïtiennes aux États-Unis sont bien le produit de développements historiques spécifiques, d’opportunités de financement locales et étatiques et de mobilisations sociopolitiques communautaires, elles demeurent essentielles dans notre contexte actuel de crises mondiales. Les interventions répétées des États-Unis en Haïti, ainsi que le traitement inhumain réservé aux migrant·e·s et aux demandeur·euse·s d’asile haïtien·ne·s, exigent des réponses actualisées d’expert·e·s à même de proposer des analyses informées par la réalité haïtienne.

 

https://www.haitianstudies.org/2026/02/haitian-studies-in-dialogue-a-pre-conference-symposium/

There are no upcoming events posted at this time.